Loading

(Refrain)

M’al cheche respem nan fon
lamne, pou yo blom yo fon
rimè, e mkonnen chak moun
gon bon priyè, map tann jou
lap fè klè

Mpap kriye, mkonn soufrans
mwen pap dire, mpa ereeee
se tann map tann pou van
vire

(Couplet 1)

Eske n konsyan de moun ki
pou rive fè nom yo k bliye
tèt yo ti brin limyè k riske
etèn nan batay kont tenèb

Eske w konsyan gen espwa k
sou beki k pa menm gen kon-
twol step yo konbyen montay
ki deplase sou mil esè

M vie n konsyan e wè a klè
gen sakrifis dè do chak
eksplwa e domaj wap toujou
jwenn plizyè vèsyon pou chak
istwa

Ou gen kontwol lavi w e tout
lè wap mennen i sou gidon le
jou w gen sistèm full self
driving konn anba bouda w gon
tesla

Se kanmenm tris deseperans
sa pou konbyen tan, se
kanmenn tris pou nou atenn
mwen n sou konbyen plan

Respèm te amba dlo a m plonje
m pran i an nou real bro, m
di w paka detwim ou vle pran
chans lan let it be bro

M pap prete pèson sa sakrifis
mwen peye m, M sispann fè
kochma pou met domi nan je
moun ki pap revem

Rive pa easy, son etènel konba
goumen pou sa w genyen ou dwe
goumen pou pwoteje l la briye
pa sifi

(Refrain)

M’al cheche respem nan fon
lamne, pou yo blom yo fon
rimè, e mkonnen chak moun
gon bon priyè, map tann jou
lap fè klè

Mpap kriye, mkonn soufrans
mwen pap dire, mpa ereeee
se tann map tann pou van
vire

(Couplet 2)

Pare pou chèche sa yo pap
lonje banm, pare pou jwenn
ak train lavi kot se mwen l
tap kanpe tann

Pati a sa m gen kom prensip
bon kalitem yo pa two sèvi
olye yo jwenn mwen nan yo
se nan defom nèg pito pèdi

M paka kriye pou sa moun di
sou mwen sa pa yon fait,
priye poum pa domi ak yon
moral ki pa an pè

Pi bèl viktwa yo dèfwa e silans
ki bay yo, ann avanse tann jou
a se pi devant k gen bèl bagay
yo frè

Ap gen yon jou pou yo konprann
ou, pou yo konnen se pat ak ch-
ans ou konstwi w yo paka konte
sou li pou detwi w

Ap gen jou pou van vire, move
tan gen pou pliye, lapli ap
sispann tonbe pou solèy la leve

(Refrain)

M’al cheche respem nan fon
lamne, pou yo blom yo fon
rimè, e mkonnen chak moun
gon bon priyè, map tann jou
lap fè klè

Mpap kriye, mkonn soufrans
mwen pap dire, mpa ereeee
se tann map tann pou van
vire

Voir aussi➔ M’Efase yo

Added by

lyrics africas

SHARE

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *